Ayiti-Vyolans : Ankèt L’ONU Sou Masak La Saline nan

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Your browser doesn’t support HTML5

NOT: Jounalis Lavwadlamerik Kenneth Schwartz, ki travay pou Sèvis Anglè a nan sal dè nouvèl santral la, ekri yon atik sou masak ki te dewoule nan bidonvil La Saline nan Pòtoprens, Ayiti, nan dat 13 novanm 2018 la. Sèvis Kreyòl la tradui li pou mete enfòmasyon ki ladan l yo a la pòte lektè ak entènòt nou yo.

-------------------------------------------------------------------------

Otorite Oganizasyon Nasyon Zini yo (l’ONU) espere y ap ka mete fen nan yon ankèt yo ouvè sou yon masak ki te fè anpil san koule nan Pòtoprens, Ayiti, nan mwa novanm 2018 la, masak ki te koze lanmò 21 gason. Moun yo sispèk kòm manm yon gang te tire viktim yo oubyen te rache yo ak manchèt nan yon bidonvil ki rele La Saline. Aktyèl chèf misyon l’ONU an, ki t ap abòde dosye a mwa pase a, te deklare:

“Ankèt ke ni otorite yo, ni òganizasyon dwamoun yo ouvri ap kontinye; epi biwo dwamoun pa nou ap travay tou pou chache konnen kisa ki te pase.”

Daprè temwen ki pale avèk ajans nouvèl The Associated Press, nan dat 13 novanm 2018 la yon kamyon polis avèk plizyè ajan an inifòm te antre nan La Saline. Temwen yo ajoute yo te panse mesye yo sete ajan polis ki t ap eseye anpeche yon lagè eklate ant gang rival. Men, olye de sa, mesye yo te pran tire; yo te ale de kay an kay, yo te trennen deyò divès gason ki pa t ame epi yo te tire yo sou plas oubyen yo te filange yo ak kout-manchèt.

Marie-Yolène Gilles, direktris yon òganizasyon dwamoun ann Ayiti, deklare:

Marie Yolène Gilles, dirijan yon òganizasyon defans dwamoun ann Ayiti.

“Kantite zòn non-dwa yo ap ogmante. Otorite yo pa di anyen. Yo pa menm pale pou yo kondane masak sa a.”

Moun k ap viv nan vwazinaj la, ki pale ak AP, fè konnen zak-vyolans manm gang ap komèt nan divès katye ann Ayiti ogmante anpil depi fòs mentyenlapè l’ONU an te kite peyi a an 2017 epi yon ti gwoup fòs ki la pou fòmasyon polis te vin ranplase li. Moun yo panse masak la te fè pati yon lagè ant gang rival tandiske, daprè kèk lòt, se travay otorite nan gouvènman an ki t ap chache toufe yon manifestasyon anti-koripsyon ki te an preparasyon.

Kòmandan Michel-Ange Gédéon, agoch, chèf Polis Nasyonal d Ayiti (PNH)..

Chèf Polis Nasyonal d Ayiti a (PNH), Michel-Ange Gédéon, deklare li konsidere vyolans la kòm rezilta yon batay ant 2 gang. Daprè li toujou, 2 polisye ki te tonbe anba akizasyon deske yo te mele nan zak asasinay sa yo, pa nan fòs polis la ankò, otorite yo mete yo an sispansyon.

Daprè Associated Press, pou manm gang yo jwenn lajan, yo ale nan diferan katye ki gen boutik ak makèt k ap byen mennen epi yo tòde men moun yo pou pran kòb yo nan men yo.