Ayiti-Finans: Senatè Antonio Cheramy Mande Gouvènman an Mete Plis Kòb nan Bidjè Ministè Afè Sosyal

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Senatè Ayisyen pou depatman Lwès la, Antonio Cheramy.

Komisyon Afè Sosyal nan Sena Ayisyen an estime gouvènman an pa mete anyen nan bidjè a sou sa ki konsene revandikasyon sosyal yo. 2èm senatè Depatman Lwès sou banyè pati Verite a, Antonio Cheramy e ki responsab komisyon Afè Sosyal la nan Gran Kò a, mande kolèg palmantè yo pou diminye sou bidjè Palè Nasyonal ak Primati gouvènman mete devan yo yon fason ogmante finansman Ministè Afè Sosyal.

Prezidan komisyon an Antonio Cheramy di bidjè Primati ak Palè Nasyonal monte byen wo; pandanstan, minis finans lan fè konnen pa gen mwayen pou finase yon seri pwogram sosyal ansyen Prezidan Michel Martelly te mete sou pye.

Your browser doesn’t support HTML5

Deklarasyon Senatè Antonio Cheramy nan mikwo Orpha Dessources