Apèl Kowòdonatè Espesyal Depatman Deta a pou Ayiti, Kenneth Merten, pou yon Solisyon Rapid nan Kriz Elektoral la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Kenneth Merten

Kowòdonatè espesyal Depatman Deta a pou Ayiti, Anbasadè Kenneth Merten, lanse yon apèl bay lidè ak aktè politik yo ann Ayiti pou l mande yo aji rapidman pou yo rezoud kriz elektoral la yon fason pou peyi a kapab kontinye resevwa asistans kominote entènasyonal la ap bay pou òganizasyon eleksyon yo. Diplomat ameriken an pale pou l di:

“Sou 35 peyi ki sou kontinan ameriken an, se 2 sèlman ki pa gen yon lidè pèp la te chwazi nan eleksyon lib: Ayiti ak Kiba.”

Anbasadè Merten pale tou de “kreyasyon komisyon evalyasyon elektoral la” anpil sektè ap reklame depi kèk tan. San l pa di si l pou ou kont komisyon sa a, li atire atansyon sou le fèt ke Akò 5 Fevriye a pa prevwa yon entite konsa e travay yon komisyon verifikasyon kapab ralanti aboutisman pwosesis elektoral la. Li prevwa tou sitiyasyon an kapab vin konplike si komisyon an ta elimine kandida ki te okipe bon pozisyon nan premye tou eleksyon prezidansyèl la.

Kowòdonatè espesyal Depatman Deta a, ki pale konsa nan yon entèvyou ak responsab edisyon Jacques Jean-Baptiste, deklare plizyè fwa solisyon pwoblèm Ayiti ap konfwonte yo se responsablite pèsonèl sitwayen ayisyen yo sèlman.

Your browser doesn’t support HTML5

NOUVEL AYITI POU MEKREDI 13 AVRIL 2016 LA - VWA: MARIE-LUCE PIERRE & LYONEL DESMARATTES

PREZIDAN PRIVERT RANKONTRE REPREZANTAN DIVES SEKTE SOU FOMASYON KOMISYON VERIFKASYON ELEKTORAL LA

Prezidan pwovizwa ayisyen an, Jocelerme Privert, rankontre nan jounen madi 12 avril 2016 la avèk reprezantan pati politik, sosyete sivil la ak lòt sektè nan vi nasyonal la pou yon echanj lide sou kreyasyon komisyon evalyasyon elektoral la. Objektif la, se retabli konfyans aktè yo nan pwosesis la epi chache fè pwosesis la abouti.

Daprè yon nòt ki sòti nan biwo kominikasyon prezidans la, rankont la debouche sou kreyasyon yon komite ki gen ladan n manm sa yo: Yvon Feuillé (Fanmi Lavalas)- Paul Denis (Inite) – Me Evelt Fanfan (Pitit Desalin) – Nelson Flecourt (G-30) – 2 reprezantan sosyete sivil la: Pierre Espérance (RNDDH) ak Alain Alfred (COJHIT), epi 2 reprezantan prezidans la … ki pral mete dènye touch yo nan yon dokiman ki deja prepare e ki prezante tèm-referans komisyon verifikasyon elektoral la.

================================

Patizan pati politik PHTK (pati ansyen Prezidan Michel Martelly a) te pran lari nan jounen madi 12 avril 2016 la pou yo manifeste epi mande piblikasyon kalandriye elektoral la. Manifestan yo, ki rejte kreyasyon yon komisyon verifikasyon elektoral, fè sèman yo pral kontinye okipe beton an toutotan demand yo a pa satisfè.

================================

Prezidan pwovizwa sena repiblik la, Ronald Larèche, ak prezidan komisyon senatorial sou kolektivite teritoryal la, Senatè Fransnet Dénius, resevwa ak satisfaksyon desizyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a pran pou l pibliye lis kandida ki te ranpòte plas majistra kominal atravè peyi a. Desizyon sa a pral mete fen nan yon sitiyasyon kote pèsonalite ki tap dirije mèri yo se moun pouvwa egzekitif la te chwazi.