Mèkredi 28 septanm 2016 la 17 Senatè vote an favè pwojè lwa sou lavman lajan sal ak lwa sou ajans k ap lite kont koripsyon an (UCREF). Vòt sa vin ajoute sou jefò otorite Ayisyen yo di yap fè pou frennen koripsyon ak envestisman move lajan.
Mwa pase a Lèzetazini te anonse li pral entèdi transfè lajan ant 2 peyi yo si Ayiti pa resoud pwoblèm lavman lajan sal ak koripsyon an. Menas sa a rive apre rapò Gwoup Daksyon Finansye Etènasyonal pou Peyi Karayib yo (GAFIC) te pibliye mwa jen pase a kote l pale de Ayiti kò youn nan peyi kote lajan sal ap sikile.
Prezidan Sena Ayisyen an, Ronald Lareche, fè konnen desizyon senatè yo pran pou vote 2 dokiman sa yo, se yon gwo pa pou peyi a.
Klike sou Lyen anba atik la pou tande deklarasyon Prezidan Gran Kò a Ronald Lareche.
Your browser doesn’t support HTML5