Ayiti-Politik : Chanm Depite a Pral Kòmanse Fè Deba Sou Dosye Premye Minis Deziye a

Chanm depite ap pare pou l fè deba, madi 21 jen 2011 la, ann Ayiti sou rapò yon komisyon prepare pou konnen si wi ou non Premye Minis deziye a, Daniel Gérard Rouzier, ranpli kondisyon pou l tounen pwochen chèf gouvènman an.

Prezidan chanm depite a Saurel Jacynte, ki te pale ak VOA vandredi 17 jen an, fè konnen chanm nan pral fè konsiderasyon sou rekòmandasyon komisyon an, men li pat an mezi pou l di nan ki sans rekòmandasyon sa yo ale.

Korespondan nou Clarens Renois reponn kesyon Jacques Jean Baptiste sou kesyon enpòtan sa a nan aktyalite a nan peyi Dayiti.

Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande entèvyou Jacques Jean Baptist ak Clarens Renois.