Yon kompayi asirans pou desaz nan Karayib la ki rele "Caraibean Catastrophe Risk Insurance (CCRIF)" debloke 23 milyon dola pou peyi D Ayiti ede viktim siklòn Matthew yo, dapre Senatè Youri Latortue
Senatè Latortue di li byen kontan Ayiti se manb konpayi asirans sila a bank mondyal ap sipòte. Selon deklarasyon senatè depatman Latibonit la, CCRIF te dekese 7.7 milyon dola pou peyi D Ayiti apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la.
"Palmamtè yo poko jwen oken enfòmasyon nan men gouvènman an sou deblokaj lajan sila ki dejan chita nan kès leta Ayisyen," pou n site deklarasyon Senatè Youri Latortue.
Senatè Latortue kontinye pou l di, " Se poutètsa, mewn evoke posibilite pou komisyon anti koripsyon an konvoke minis finans la pou l vin bay eksplikasyon sou ki jan gouvènman an pral depanse lajan sila a." Fend sitasyon.
Plis detay sou deklarasyon Senatè Youri Latortue a nan yon repòtaj korespondan Lavwadlamerik Orpha Desources depi pòtoprens.
Your browser doesn’t support HTML5