Atak Ayeryen Izraelyen Touye yon Dezyèm Kòmandan Wo Plase Jihad Islamik la

Paran Muhammad Hassouna ki mouri nan atak ayeryen Izrael la pote dey pou li anvan fineray li nan Rafah, Sisjodani, Dimanch 7 Out 2022.

Izrael fè konnen li touye yon kòmandan wo plase Jihad Islamik la nan yon atak ayeryen kont yon bilding rezidansyèl nan yon kan refije nan Gaza kote yon pakèt moun ap viv.

Se dezyèm atak konsa ki sible gwoup militan an wikèn sa a.

Gwoup militan an, ke Iran apiye lanse dè santèn obi kont Izrael pou reponn atak sa a. Sa ogmante risk pou batay kap fèt ant 2 kan yo vinn tounen yon lagè tout on.

Hamas, ki dirije Gaza te goumen pandan 11 jou kont Israel nan mwad Me 2021. Pou kounyea lap swiv.

Sanble Hamas gen kè sote pou Izrael pa pran reprezay kont li si li antre nan batay la. Sa takapab defèt tou, antant ekonomik li genyen ak Izrael, ki gen ladann pèmi travay pou dè milye sitwayen Gaza, ki te vote pou Hamas pran kontwòl teritwa a.