Nan Lejip, militan yo lanse apèl pou yo mande yon gwo manifestasyon pou jedi 2 fevriye 2012 la pou yo pwoteste kont le fèt ke lapolis pat rive anpeche vyolans fèt nan yon rankont football kote omwen 74 moun mouri tandiske plizyè santèn lot blese, nan vil Port Sayid ki nan pati nò peyi a.
Vyolans la te pete byen ta mèkredi lè fanatik ekip lokal la, ki rele Al-Masry, te anvayi teren an pandan match la. Daprè otorite yo, viktim ki mouri yo pèdi lavi yo aprè yon foul moun te pase sou yo, oubyen yo te rete anlè sou tribin nan epi yo lage kò yo anba, oubyen ankò fatatik ekip advès la te ponyade yo ak kout kouto. Anpil nan militan ki lanse apèl pou mande manifestasyon an pa kontan lè yo wè imaj televizyon ki montre ajan lapolis ki te rete ap gade san yo pa t entèveni pou anpeche moun touye moun nan estad la.
Mohammed Mellegi, frè youn nan moun ki mouri yo, pale pou l di:
“Se yon gwo lapèn pou peyi a. Se fòs sekirite yo ki responsab sa k rive a. Yo responsab ensidan sa a depi A jiska Z, paske yo pa t anpeche fanatik yo anvayi teren an nan fen premye mitan an. Tout manm fòs sekirite yo t ap gade pandan bagay yo t ap pase; men pèsonn pa t bouje, yo pa t leve pa menm yon ti dwèt. Kèk fanatik te menm atake polisye yo; men, ajan polis yo pa t reyaji”.
Chèf Konsèy Militè Nasyonal k ap dirije Lejip la, Marechal Mohamed Tantawi, di li fòme yon komisyon pou mennen ankèt sou sa k pase a.
Misye Tantawi deklare :
“Mwen santi anpil lapèn pou sa k rive nan Port Sayid la e mwen genyen yon panse espesyal pou mati ki pèdi lavi yo, menm jan mwen santi m tris pou sila ki blese yo. Mwen deja pase lòd pou yon ankèt kòmanse imedyatman; a pati de jodiya, Komisè Gouvènman an pral mennen ankèt sou ensidan tris sa a ki fè tout pèp ejipsyen an fache anpil. Lè nou va gen rezilta ankèt la, tout moun ki te mele nan nan zak sa yo pral jije ; e m ban nou garanti nou pral mete men sou moun ki te fè konplo pou komèt vyolans sa yo“
Lapolis deja arete 47 moun pou enplikasyon yo nan ensidan an. Asosyasyon foutbòl ejipsyen an lanse apèl pou li mande kanpe pwovizwaman tout aktivite lig football nasyonal la nan peyi Lejip.