Direktris Jeneral Bank Mondyal la, Sri Mulyani Indrawati, ki te gen avèk li direktè rejyonal bank la pou Amerik Latin avèk Karayib la, fè yon vizit madi 3 out la nan peyi Dayiti kote li rankontre, antwòt, avèk Premye Minis Jean Max Bellerive.
Youn nan objektif rankont sa a se pou yo te pale de fon bank mondyal pral dekese pou finansman pwojè rekonstriksyon peyi a.
Pandan Madam Indrawati t ap pale ak laprès anvan li kite Pòtoprens, li fè konnen jiska prezan se 90 milyon n dola sèlman bank la resevwa sou anviwon 500 milyon kominote entènasyonal la te pwomèt Ayiti pou pwojè rekonstriksyon yo (n ap presize se lajan ki gen pou pase pa bank mondyal.
Direktris Jeneral la kontinye pou l di youn nan kondisyon pou yo kontinye dekese lajan an pou Ayiti, se pou dirijan peyi a mete sou pye enfrastikti ki nesè pou kreye djòb e pou yo adopte dispozisyon k ap garanti yon jesyon transparan pwojè rekonstriksyon yo.
Laprès ayisyèn te poze kesyon pou mande presizyon sou nouvèl ki di Bank Mondyal mande yon frè sou lajan l ap dekese pou Ayiti a. Ofisyèl enstitisyon finansye entènasyonal la fè konnen se la verite e sa pa fèt sèlman nan ka Ayiti a. Posantaj la se 2,5% pou pwojè ki koute jiska 10 milyon dola e frè global la se 350 mil dola pou pwojè ki koute plis ke 10 milyon dola.
Konsa, responsab Bank Mondyal yo fè limyè sou kesyon an e yo elimine konfizyon ki te genyen sou dosye a. Daprè Madam Indrawati, jiska prezan Ayiti soumèt 2 pwojè sèlman; e bank la va mete plis lajan a la dispozisyon peyi a lè otorite yo va vini ak plis pwojè.
Korespondan nou Clarens Renois gen yon repòtaj sou vizit 2 ofisyèl Bank Mondyal yo.
Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj Clarens Renois ki reponn kesyon Ronald César.