Ane sa a avèk yon bren lespwa responsab pwogram Nasyonzini sou VIH/Sida (l’ONU/SIDA) pibliye yon rapò ki fè konnen pwogrè epidemi Sida a komanse modifye.
Kantite moun ki enfekte ak viris ki bay maladi Sida a diminye e kantite moun ki mouri akoz maladi sa a bese.
Rezilta evolisyon sa a se yon estabilizasyon kantite total moun k ap viv ak VIH/Sida a atravè lemond.
Marie Luce Pierre pale ak espesyalis Rools Marie Sterling k ap travay nan domèn sida nan peyi Dayiti.
Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande entèvyou Marie Luce Pierre ak Dr.Rools Marie Strerling.