Ariel Henry Reafime Dwa Souvren Pèp Ayisyen an pou Sèvi ak Resous Dlo Rivyè Masak la

Your browser doesn’t support HTML5

"Rivyè nou konnen kom Rivye Masak la, se pwen santral tansyon ant Repiblik Ayiti ak Repiblik Dominikèn. Ayiti reafime dwa souvren pèp Ayisyen an pou l sèvi ak resous dlo binasyonal yo, menm jan Repiblik Dominikèn fè l.

"Mwen vini isit jodia pou pataje mesaj pèp Ayisyen an sitou. Rivyè nou konnen kom Rivye Masak la, se pwen santral tansyon ant Repiblik Ayiti ak Repiblik Dominikèn. Savledi fok nou fè tout sa nou kapab pou asire dyab yo pa anvayi nou anko, pa lage sitwon sou ansyen blesi oubyen koze nouvo blesi. Ayiti reafime dwa souvren pèp Ayisyen an pou l sèvi ak resous dlo binasyonal yo, menm jan Repiblik Dominikèn fè l.