Anperè Japon an, Akihito Pase Twonn nan Bay Premye Pitit Gason l

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Anperè Japon an, Akihito, Foto: 30 avril 2019.

Anperè Japon an, Akihito abandone tròn ni an favè pi gran pitit gason ni. Nan dènye mesaj li prononse nan Palè enperyal la nan Tokyo madi 30 avril 2019 la.

Akihito remèsye pèp japonè a pou apwi yo te bali pandan 30 tan rèy ni kom Anperè. Li di se yon privilèj pou li dèske li te ka ranpli devwa li ak konfyans total ak fidelite nan pèp li a.

Prens kouwone a, Naruhito pral tounen nouvo anperè Japon lè rèy anperè Akiyito-a fini ofisyèlman a minwi.