Ann Imaj: Etazuni Pati Kite Afghanistan

Solda Ameriken pare pou yo monte nan avyon C-17 Globemaster fos ayeryenn etazuni, 30 Out, 2021.

Yon solda Ameriken monte abo yon otobus apre li debake nan baz ayeryenn ALi Al Saleem nan peyi Kowet, 31 Out, 2021.

Yon gwoup milite fos ayeryenn Etazuni fe preparasyon pou solda yo monte abo avyon C-17 Globemaster III a pou kite Afghanistan, 30 Out, 2021.

Moun ki pati kite Afghanistan debake nan stasyon natal Rota nan sid peyi Espay abo yon avyon fos ayeryenn Etazuni, madi 31 Out, 2021.

Fanmi ki evakye soti Kaboul Afghanistan mache nan direksyon yon otobis ki pral transpote yo nan Chantilly, eta Vijini, 31 Out, 2021.

2 mesye Etazuni evakye soti Afghanistan salye fotograf la yon ti tan apre yo rive nan ayewopo entenasyonal Dulles tou pre Washington, 31 Out, 2021.

Yon Afghan ki fek pati kite Afghanistan salye yon solda Ameriken ak koud li apre li rive nan ayewopo Washington, 31 Out, 2021.