Afrik/Angola: Rezilta Preliminè nan Eleksyon Jeneral yo Montre Pati o Pouvwa a Devan nan Kous la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Manm biyo vòt nan eleksyon prezidansyèl yo nan Luanda, Angola. 23 out 2017.

Pati ki opouvwa a nan Angola, MPLA, swa mouvman pou liberasyon Angola a, kriye viktwa jedi 24 out 2017 la nan eleksyon jeneral yo, e sa pare chemen an pou minis defans la tounen pwochen dirijan ansyen koloni Pòtigal la.

Prezidan Eduardo Dos Santos, ki tap okipe fotèy boure a pandan 38 tan, deside pran retrèt li kounye a. Responsab elektoral angolè yo deja konte 5 milyon bilten vòt, e yo fè konnen pati MPLA a ranmase 64 pousan vwa nan pwovens yo.

Si pati mouvman pou liberasyon Angola a ranpòte laviktwa a tout bon vre, se minis defans Joao Lourenco ki pral pran kòn nan nan men prezidan sòtan an, Dos Santos, ki tap gouvène nasyon Afrik santral la depi preske 4 dizèn lane.