Afrik: Elektè yo nan Angola Ap Vote pou yon Nouvo Prezidan Aprè 38 Tan

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Nan Luanda, Angola, 23 out 2017, Minis Defans la, Joao Lourenco te devan nan sondaj yo pou l vin ranplase Prezidan Jose Eduardo dos Santos, ki ap pran retrèt li apre 38 tan sou pouvwa nan peyi Angola.

Nan peyi Angola, elektè yo ap chwazi yon nouvo prezidan jounen mekredi a 23 out 2017 la pou ranplase lidè ki la depi lontan an, Jose Eduardo dos Santos.

Mesye Eduardo dos Santos ta sipoze kite pouvwa a aprè 38 tan si li pèdi eleksyon yo. Anmentan tou, mouvman popilè pou liberasyon Angola a, MPLA Dos Santos gen espwa se kandida pati a voye nan eleksyon kòm siksesè prezidan an ki se aktyèl minis defans li a, Joao Lourenco, ranmase ase vwa pou l rete sou pouvwa a.

Sepandan anpil elektè fè konnen yo al vote nan eleksyon yo pou yon chanjman rejim. MPLA ap dirije Angola depi apre endepandans li nan men Pòtigal nan lane 1975.