Fòs Gouvènman Siri a ak Militan Opozisyon yo Jwen yon Antant pou Evakye Sivil ak Rebèl nan Alèp

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Manm fò lame Siri yo kap mache nan vil Alèp ak gwo zam. Alèp, Siri, 13 desanm, 2016.

Rebel yo ak gouvènman siryen an rive jwenn yon antant pou pèmèt sivil ak konbatan opozisyon an kite vil Alèp.

Yon pòtpawòl gwoup rebel Nour el-Din al-Zinki, anpalan de l Yasser al-Youssef, fè konnen antant la, ki te fèt anba medyasyon Larisi ak Tiki, ap antre an vigè nan kèk èd-tan.

Anbasadè Larisi a nan l ONU, Vitaly Churkin, konfime akò a ak repòtè yo madi 13 desanm 2016 la anvan yon reyinyon ann ijans Konsèy Sekirite a sou kriz Alèp ke Lafrans ak Grand Bretay te konvoke.