Aktè Bruce Willis Anonse Retrèt li

Foto Achiv: Bruce Willis nan gran premye yon film nan Nouyok, Vandredi 11 Oktob 2019.

Aktè Bruce Willis ki jwe nan film "Die Hard" yo anonse lap pran retrèt li nan domèn sinema a apre yon diyagnozstik maladi ki rele afazi a. Se yon maladi ki afekte kapasite yon moun genyen pou'l reflechi.

Fanmi misye pibliye yon deklarasyon pou anonse nouvèl la Mèkredi.

Deklarasyon an, ki pibliye sou paj ofisyel Instagram akte a, ki gen 67 an di:

"Kom rezilta e apre anpil konsiderasyon, Bruce ap pran retrèt li nan yon karyè ki gen anpil siyifikasyon pou li," madanm ni, Emma Heming Willis, ex madanm ni aktris Demi Moore, ak 5 pitit li yo siyen li.

Mesaj la di tou "Nap fè fas ak sityasyon sa a antan ke fanmi ini e nou te vle kite fanatik li yo konnen -- paske nou renmen'l otan ke li renmen nou. Jan Bruce renmen di "Amize nou e ansanm se sa nou gen entansyon fè."

D'abitid moun konn vinn soufri ak afezi apre yon aksidan vaskile serebral, men li ka devlope gradyelman tou akoz yon timè nan sèvo oubyen yon lot maladi ki koze dejenerasyon.

Tretman an se terapi vèbal epi ansèyman sou kijan pou kominike san pale.