Ajans Enfòmasyon Sekrè Lèzetazini an Dwe Rezoud yon Sekrè Piblik: Mank Divèsite

Danje ke anplwaye Ajans Sekirite Nasyonal la (NSA) te vle diskite avèk direktè ajans la pa t gen ladan l teworis ni peyi ennmi. Tèm nan te konsène yon bagay ki pi pre yo toujou: rasism ak ankonpreyansyon kiltirèl anndan pi gwo ajans enfòmasyon sekrè Lèzetazini an.

NSA ak lòt ajans enfòmasyon sekrè yo te kòmanse òganize konferans video pou anplwaye yo yon ti tan apre lanmò George Floyd. Pandan Jeneral Paul Naksone t ap koute, yon moun te dekri kouman lè yo eseye pran lapawòl nan rankont yo, lòt gwoup moun pran pale an menm tan avèk yo. Yon lòt moun, ki se yon nwa ameriken, di kijan yo te fe l konnen vwa l te twò wo e sa te entimide kòlèg travay li yo. Yon 3èm moun repòte kijan yon anplwaye parèy li te lanse kèk mo rasis kont li.

Diskisyon sou innegalite rasyal ke asasina Floyd la te pwovoke sa gen 2 zan ak efò pou korije sitiyasyon an, disparèt sou pwogram ajans enfòmasyon sekrè Lèzetazini yo. Done piblik ki disponib, etid sou pwogram divèsite ki pibliye, ak entèvyou ki fèt ak fonksyonè ki pran retrèt yo, montre ajans enfòmasyon sekrè yo pa respekte angajman lidè yo te pran sa gen plizyè lane, alòske lidè sa yo di souvan divèsite ta dwe reprezante yon priyorite pou sekirite nasyonal la.