Sekretè Deta Rex Tillerson Tanmen yon Toune 6 Jou sou Kontinan Afriken an

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Sekretè Deta Rex Tillerson (agoch) avèk Minsi Afè Etranjè Etyopi a, Workneh Gebeyehu (adwat), epi kèk ofisyèl ameriken, aprè chef diplomasi amerikèn nan te debake nan Adis Abeba, kote li kòmanse yon toune 6 jou sou kontinan afriken an. (Foto: Ayewopò Entènasyonal Adis Abeba, 7 mas 2018).

Sekretè Deta ameriken an, Rex Tillerson, resevwa yon akèy tapi-wouj nan men tokay etyopyen li a, Minis Afè Etranjè Workneh Gebeyehu, lè li te rive nan kòmansman jounen mèkredi 7 mas la nan peyi Etyopi, premye etap yon tounen ann Afrik -yon kontinan ki rich an resous, k ap vin pi pwòch Lachin nan domèn tankou komès ak asistans.

Nan menm jounen mèkredi a Etyopi ap resevwa tou vizit Minis Afè Etranjè Larisi a, Sergei Lavrof, men ni Washington ni Moskou pa di si 2 chèf diplomasi yo pral rankontre nan Adis Abeba.

Minsi Afè Etranjè etyopyen an, Workneh Gebeyehu, resevwa sou tapi wouj Sekretè Deta Rex Tillerson avèk manm delegasyon ki akonpye li nan yon toune 6 jou sou kontinan afriken an.

Anvan chèf diplomasi amerikèn nan te kite Washington, li te fè konnen Lèzetazini gen yon fèm detèminasyon pou li bati yon « fondasyon solid pou relasyon li avèk l'Afrik », e li te akize Lachin kòmkwa l ap antrene peyi kontinan an sou yon teren kote ya p depann de li plis chak jou.

Espesyalis yo di ni Lèzetazini ni Lachin kapab tire gwo pwofi nan travay yap fè sou kontinan afriken an, menmsi lachin plis santre atansyon li sou enfrastrikti, tandiske domèn kote Lèzetazini envesti plis se edikasyon ak swen sante. Daprè chif Depatman Deta pibliye sou kowoperasyon ant Lafrik ak peyi lòt kontinan montre pa egzanp, nan Etyopi, Lèzetazini envesti an total 567 milyon dola, men Lachin depase li lontan avèk yon envestisman ki depase 15 milya dola.