Apèl Lidè yo nan Afrik de Lwès pou Mande Prezidan Gambi a, Yahya Jammeh, Kite Pouvwa a

Prezidan Gambi a, Yahya Jammeh. Foto: 1 desanm, 2016.

Lidè yo nan wès Afrik la ap vwayaje pou ale Gambi nan yon efò pou yo konvenk Prezidan ki la depi lontan an, Yahya Jammeh, pou l remèt pouvwa a apre li fin pèdi eleksyon prezidansyèl la nan dat premye desanm 2016 pase a.

Misye Jammeh te fin aksepte defèt li devan Adama Barrow ki genyen kous la, men apre sa li te wete sa l te di a e te fè konnen vandredi 9 desanm pase a responsab eleksyon yo te jwenn erè ke l pa ka aksepte.

Prezidan Liberya a, Ellen Johnson Sirleaf nan somè Concordia nan Grand Hyatt New York. New York City. 20 septanm, 2016.

Nouvèl ki soti nan wès Afrik lendi 12 desanm 2016 la fè konnen Prezidan Liberya a, Ellen Johnson Sirleaf, pwal nan tèt yon delegasyon ki pwale nan kapital peyi Gambi a, Banjul, e mande Misye Jammeh pou l aksepte rezilta eleksyon an.