Afganistan: Yon Atakan Kamikaz Touye Omwen 5 Moun e Blese 9 Lòt

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Fòs sekirite afgan yo kap enspekte lye kote atak ak bonm nan te fèt la nan Kaboul. 29 out 2017.

Nan peyi Afganistan, yon kamikaze sote tèt li nan antre yon bank nan kapital la, Kaboul. Atak la rive jounen madi 29 out 2017 la toupre anbansad Etazini an ki genyen gwo pwoteksyon.

Temwen di manm pèsonèl lame afgan an ak manm lòt enstitisyon sekirite yo ke asayan an te antre nan mitan yon foul moun ki ta pral resevwa salè mansyèl yo kote li sote tèt li.

Gwoup Taliban an pran responsabilite pou atak la. Eksplozyon mòtèl sa a rive nan moman Afganistan ap pare pou make festival Eid la, ki se yon fèt yo selebre chak ane.

Pandanstan, pòtpawòl gouvènman pwovens Herat la, di Lavwadlamerik, yon atak ak yon avyon telegide ameriken yo te lanse lannuit lendi 28 pou rive madi 29 out la, touye plizyè sivil nan zòn nan.