Yon gwoup militan ame jis nan dan pami yo plizye kamikaz anvayi yon enstalasyon radio-tele-difizyon nan lès Afghanistan, kote yo touye omwen 2 moun e yo blese 20 lot pou pi piti dapre otorite yo.
Otorite yo di fòs sekirite afgan yo te gen tan ansèkle enstalasyon an tou suit e yo touye asayan yo nan yon mariaj kout zam ki mete fen nan siej la. Atak sa a fèt mekredi 17 me 2017 a nan Jalalabad kapital provens Nangarhar la.
Kamikaz yo te sote tèt yo; sa ki te kreye chemen pou lòt yo antre nan bilding Radio-Televizyon Nasyonal Afghanistan (RTA); se sa otorite ak temwen ki te sou plas yo di jounalis lokal yo. Pako gen oken moun ou gwoup moun ki pran responsabilite pou atak sa a.