Administrasyon Trump la Mete Fen nan Pwogram Reyinifikasyon Familyal sou Baz Imanitè pou Ayisyen

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Imigran ayisyen kap manifeste devan biwo imigrasyon nan New York pou mande renouvle TPS pou ayisyen ki te deja genyen l yo. 21 novanm 2017; REUTERS/Eduardo Munoz

Administrasyon Prezidan Donald Trump la mete fen vandredi 2 out 2019 pase a nan pwogram reyinifikasyon familyal espesyal pou fanmi moun ki rezidan ou byen sitwayen ameriken dorijin ayisyèn. Ayisyen k ap viv ann Ayiti pap kapab antre Ozetazini pou vin tann rezidans sou baz endividyèl ou imanitè ki te kòmanse sou administrasyon Obama a. Marlene Bastien, responsab òganizasyon Family Action network Movement (FANM) di administrasyon ameriken siprann yo.

Your browser doesn’t support HTML5

Administrasyon Trump la Mete Fen nan Pwogram Reyinifikayson Familyal sou Baz Iminanitè pou Ayisyen