Marlene Bastien Di li Etone Devan Desizyon Administrasyon Trump la sou Reyinifikasyon Familyal pou Imigran Ayisyen yo

Your browser doesn’t support HTML5

Administrasyon Prezidan Donald Trump la mete fen vandredi 2 out 2019 pase a nan pwogram reyinifikasyon familyal espesyal pou fanmi moun ki rezidan ou byen sitwayen ameriken dorijin ayisyèn. Ayisyen k ap viv ann Ayiti pap kapab antre Ozetazini pou vin tann rezidans sou baz endividyèl ou imanitè ki te kòmanse sou administrasyon Obama a. Marlene Bastien, responsab òganizason Family Action network Movement (FANM) di administrasyon ameriken siprann yo.