Telekonferans Reyuni Yon Jen Ti Demwazel ak Manman ni Anayiti

Reskape Nathana Gerome gen 13 zan e malgre li te viv tranbleman de te 12 Janvye a li pa sonje anpil bagay.Jou kote katasfwof la frape a, pitit la di lit e lekol men li te gen la fyev tifoyid, e yo te setoblije kouri ave’l Ozetazuni pou sove lavi li. Nathana di li fe ke tou.

Kounyea, Nathana ap viv nan Miami ansanm ak papa li. Manman li rete deye Anayiti. Jen ti demwazel la ki timid anpil anpil, di lavi a Ozetazuni pa mal ditou. Li al lekol ansanm ak yon paket timoun Ameriken. Li poko pale Angle limenm men li komanse aprann.

Ye Lendi a, Nathana te gen chans pale ak manman ni gras ak yon telekonferans ki te dewoule nan yon sal nan legliz katolik Notre Dame d’Haiti nan katye Little Haiti. Telekonferans sa a fe pati yon inisyativ kote Fondasyon Charite Miami Dolphins la (ekip futbol nasyonal Ameriken) Enstitu Global Univesite Miami a, epi Pwoje Medishare pou Ayiti tabli pou pemet yon seri reskape kit e vinn suiv swen medikal Ozetazuni apre tranbleman de te a we epi kominike ak fanmi yo Anayiti.

Kijan Nathana te reyaji le’l te we manman ni?

“Mwen te kriye, m’we mwen pat janm we li menm m’pat konn ki kote li ye,” pitit la eksplike.

Manman Nathana mande’l pa kriye pou’l pa malad plis.

Madi 7 Avril la, 2 futbole Ameriken ki jwe pou ekip Miami Dolphins la te fe Nathana kado yon enpemeyab woz. Yo mete siyatu yo sou li. Li di yo pale ave’l tou men li pa konprann sa y’ap di a.

8 Avril, Nathana pran chemen eta ki rele Arizona a nan rejyon oues peyi Etrazuni.

Li di malgre li renmen peyi sa a li espere retounen nan peyi li, Ayiti, yon jou.