Lidè Kominote Ayisyènn Miami a Satisfè ak Rankont yo ak Vis Prezidan Joe Biden

Vis prezidan Ameriken-an, Joe Biden rankontre nan Miami nan Eta Florid avek lidè komunote Ayisyenn-nan yè Madi-a. Se dezyèm rankont numero 2 Ameriken-an fè avek komunote Ayisyenn-nan depi tranbleman de tè 12 Janvye pase-a ki te frape Potoprens ak plizyè lot vil tankou Leogan, Ti Gwav ak Jakmel.

Vis Prezidan Joe Biden rankontre pandan yon hè'd tan edmi avèk lidè nan kominote Ayisyèn nan ak lidè ONG (Oganizasyon Non-Gouvènmantal yo).

Pandan rankont sa a ki te fèt nan nouvo lokal Sant Kulturèl Ayisyen an nan Little Haiti, vis prezidan Ameriken an te abode avè yo kestyon konsènan Ayisyen ki deja gen viza men ke juskaprezan yo poko rantre nan peyi d'Ayiti. Yo te pale tou de transparans ki ta dwe genyen nan kestyon de rekonstruksyon peyi d'Ayiti an. Lè yo te poze'l kestyon a savwa komite ki fèt pou jere plan de rekonstruksyon an yo remake pa genyen yon Ayisyen ladann. Plan sa a, Vis Prezidan Joe Biden te fè konprann ke nomalman nou paka mete espwa nou sou sa pou ke nou ta jwenn yon Ayisyen andedan komite sa a. Komite sa a jan'l ye a lap rete konsa.

Se 5 gran pwen finalman ke vis prezidan an te diskite pandan yon hè'd tan edmi avèk lidè nan kominote Ayisyènn nan -- pami yo viza pou Ayisyen ki vle vinn jwenn fanmi yo Ozetazuni, transparans, epi asistans agrikol pou kultivatè yo.

Majorite patisipan nan rankont la te santi yo trè satisfè ak antretyen an.

"An fèt sete vrèman yon bèl reyunyon," Pè Reginald Jean-Mary fè konnen, "sete yon bèl jèl de la par vis prezidan an ke'l te kapab vinn chita avè nou yon lot fwa -- sa fè dezyèm vizit li nan Ti Ayiti -- pou'l te ka rankontre ak kèk lidè nan mitan nou, e'm panse sete vrèman byen e youn nan pwen pozitif mwen panse ki soti se reitere ke li reitere angajman gouvènman Ameriken -- non sèlman pou yo kapab travay nan transparans -- e du mèm kou tou pou yo kapab kontinye mache avèk pèp Ayisyen an nan lespri pou yo kapab rekonstwi peyi d'Ayiti. "

Lidè gwoup FANM nan (Fanm Ayisyen Nan Miami) te trè satisfè tou ak rankont la.

"Sete yon trè bonn rankont," madan Bastien di. "Te gen diferan issue, pwoblèm ki te soulve -- youn nan pwoblèm yo se pou pèmèt 55,000 Ayisyen kap tann viza nan peyi d'Ayiti, pou pèmèt yo rantre isi paske moun sa yo gen yon minimom 11 zan depi y'ap tann pou yo rantre vinn jwenn fanmi yo (ki ranpli aplikasyon pou yo) kom yon fason gouvènman Prezidan Obama a ka envesti nan pwosesus rebati peyi d'Ayiti imedyatman, se pèmèt moun sayo rantre pou yo travay pou yo vinn ede fanmi yo Anayiti. Donk se pa yon bagay ki difisil e li pwomèt pou li gade sa."