Lekòl Pa Louvri Nan Pòtoprens

Reouvèti lekòl Ministè Edikasyon Nasyonal fikse lendi 5 avril la swa pa rive fèt, swa fèt yon fason timid, se sa anvwaye espesyal Lavwadlamerik Jean-Robert Philippe fè konnen jodia.

Jean Robert t'al vizite yon seri lekòl dimanch swa, e li konstate pa genyen abri pwovizwa (tant pou pifò) ki dwe sèvi kòm sal pou elèv yo suiv kou pa enstale paske pa gen ase materyo konstriksyon sou plas.

Philippe di nou tou paran yo ap fè fas ak anpil pwoblèm ekonomik tou, kidonk yo pa pare pou rantre lekòl la.