Responsab Lasante Gen Kè Sote Pou Epidemi Pa Eklate Anayiti

Nan peyi Dayiti, responsab lasante yo gen anpil kè-sote pou yon epidemi pa eklate akòz sityasyon sanitè a ki deteryore anpil depi aprè tranblemann’tè 12 Janvye 2010 la.

Marie-Luce Pierre pale ak epidemiyolojis Depatman Latibonit-la, Ronald Pierre, sou ka maladi yo anrejistre depi dat la nan rejyon sa a.