Preval: Asistans Entènasyonal Ayiti Tap Resevwa Diminye

Prezidan Ayisyen-an, Rene Preval di gouvènman-n-nan mande yon diminusyon nan asistans entènasyonal Ayiti ap resevwa-a akoz risk ki genyen pou sa domaje ekonomi nasyonal-la ke tranbleman de tè fin ravaje.

Prezidan Preval – ki tap pale yè Lendi-a nan Potoprens - fè konnen premye faz durjans-la déjà pase e si yo kontinye resevwa manje ak dlo kap soti a letranje, asistans sa-a pral gen move konsekans sou produksyon ak komès nasyonal-la ann Ayiti.

Msye Preval ajoute li pral ensiste sou pwen sa-a lè li va-ap rankontre ak Prezidan Barack Obama demen Mèkredi-a nan la Mezon Blanch.

René Préval fè deklarasyon sa-yo aprè yon rankont li te genyen avek Gouvènè Jeneral Kanada-a ki te pran nesans an’Ayiti, Michaelle Jean. Madam Jean te make jounen entènasyonal medam-yo an’Ayiti Lendi 8 Mas-la.

Lidè ayisyen-an presize youn nan priyorite-l se kreye travay an’Ayiti ki devaste anba tranbleman de tè 12 Janvye pase-a. Tranbleman de té sa-a touye plis ke 217,000 moun e gen omwen 1 milyon lot ki pa gen kay pou yo rete.

Nan kad visit Prezidan Rene Preval o Zetazuni, li rankontre maten-an avek Sekretè d'Eta Etazuni-an, Hillary Clinton, nan Depatman D'Eta-a.