Hillary Clinton Rive Kosta Rika Pou Patisipe nan Rankont o Somè sou Devlopman

Sekretè d'Eta Ameriken-an, Hillary Clinton, twouve-l nan peyi Kosta Rika kote lap rankontre lidè peyi Latino Ameriken-yo pou yo pale de demokrasi ak devlopman.

Madam Clinton rive San José, kapital Kosta Rika, jodi Jedi-a, aprè yon vizit o Brezil yè Mèkredi-a, nan kad yon toune kap mennen nan 6 peyi nan rejyon Amerik Latin-nan.

Pandan vizit chef diplomasi Amerikèn-nan nan Brazilia, li fè chita-tande ak Prezidan Luiz Ignacio da Silva. Sekretè-deta-a defann apwòch administrasyon Obama-a nan domèn politik etranjè-a, kote li fè konnen se yon apwòch ki mache nan anpil peyi, nan moman prezidan Obama ap fè ouvètu vizavi anpil gouvènman.

Madam Clinton kontinye pou'l di Washington ta byen renmen genyen bon jan relasyon avèk Venezuela, kote prezidan Hugo Chevez pa konn mete dlo nan bouch-li pou l kritike Lèzetazuni.

Sekretè d'Eta-a raple ke, pandan Somè dè Zamerik ane pase-a nan Trinidad-Tobago, misye Obama te prezante devan Hugo Chavez e li te bay misye yon ponyen lamen.