Nasyonzini Mande $1 Milya 440 Milyon Pou Ede Sinistre Ayisyen yo

Òganizasyon Nasyonzini (l'ONU) reklame yon fon 1 milya 440 milyon dola pou ede viktim tranblemann'tè 12 janvye 2010 la. Biwo kowòdinasyon èd imanitè a di fon sa a / ki genyen ladan 577 milyon li te deja reklame nan jou apre dram nan / se pou kouvri depans pou ane 2010 la nan kad èd dijans lan.

Anviwon yon tyè nan lajan l'Onu mande a, swa 487 milyon dola, se pou achte manje e rès la pral finanse abitasyon tanporè, agrikilti, edikasyon, sante ak ijyèn. Fon an sipoze ede 3 milyon ayisyen ki reprezante 30 pousan popilasyon ayisyen an. Biwo Kowòdisyon Asistans Imanitè a (Ocha) di li deja resevwa premye 577 milyon dola li te mande nan mwa janvye a.

Sekouss ki devaste vil Pòtoprens, katye e ak vil alantou li yo (Jacmel, Léyogàn, Tigwav ak Grangwav) nan koumansman ane a touye 217 mil kretyen-vivan e kite plis pase yon milyon moun pa gen kote pou yo rete.

Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-moon, di ayisyen yo "nou avèk ou, nou pral ede ou leve kanpe e ede ou rebati".

Anvwaye espesyal misye Ban nan peyi Dayiti a, ansyen prezidan Lèzetazini Bill Clinton, te mande avèk anpil pasyon èd sa a anfavè Ayiti. Misye Clinton bay donatè yo asirans ke lajan an pral depanse nan transparans paske atravè sit entènèt: HaitiSpecialEnvoy.org yo pral kapab wè kote fon an depanse, kouman e nan ki domèn.

Ansyen prezidan ameriken an, ki parèt anfòm apre operasyon nan kè li sibi dènyèman la a, di " nou pral mete sit la "à jour" tou le jou, konsa nou ka wè kiyès ki bay lajan e ki kote li depanse. E li di "nou gen dwa rann mwen responsab e mande'm kont" pandan li fè remake pwosesis sa a, ki se yon nouvote, te mache trè byen nan zòn tsunami an.