Prezidan Franse a, Nicolas Sarkozy, Anonse Yon Asistans 447 Milyon Dola Pou Ayiti 

Prezidan Fransè a, Nicolas Sarkozy, fè mèkredi 17 fevriye 2010 nan peyi Dayiti, yon visit istorik, menm si l te dire kèk èd-tan sèlman, pou'l rankontre dirijan ayisyen yo apre tranblemann'tè ki ravaje peyi a 12 janvye 2010 la. Se premye chèf deta fransè ki vizite Ayiti depi endepandans peyi a vizavi Lafrans an 1804.

Nouvèl yo fè konnen youn nan objektif vizit prezidan Sarkozy a, se pou lidè fransè a te anonse yon plan èd global siyifikatif (1) pou Ayiti. Misye Sarkozy mete devan gouvènman Ayisyen an kèk pwopozisyon enpòtan anpil, daprè sa'l di, pandan li tap rankontre ak prezidan René Préval. Li pwofite pou'l anonse yon èd 447 milyon dola ki genyen ladan anilasyon $77 milyon dèt Ayiti genyen pou Lafrans.

Lafrans se youn pami premye peyi ki te prese voye asistans bay Ayiti aprè tranblemann'tè 12 janvye a, ki koze lanmò omwen 217,000 moun, tandiske plis pase yon milyon lòt pa gen kay pou yo rete.


Misye Sarkozy fè vwayaj sa a ann Ayiti yon jou apre premye minis kanadyen an, Stephen Harper, te kite peyi a kote li te ale lendi 15 fevriye a pou'l montre solidarite gouvènman kanadyen an avèk Ayiti nan moman peyi sa a ap redi pou'l rekanpe sou pye'l aprè dezas la. Misye Harper anonse peyi li pral ofri Ayiti $12 milyon kanadyen pou konstriksyon yon konplèks administratif kote depatman ministeryèl ak lòt biwo leta yo va kapab rekòmanse fonksyone nan yon anviwonmman ki desan e ki ofri sekirite.

NB: Fè yon klik sou ralonj ki anwo e adwat paj sa a pou n' tande repòtaj jounalis Lavwadlmarik yo.

(1) Siyifikatif: pa yon ti èd "dèyè-manman", yon èd ki gen nen nan figi li, ki fè sans.