Reskape Malika Rigaud Konsantre'l Sou Sè Li Lè Tranbleman'd Tè a Frape

Malika Rigaud te kay granpè li nan Petionville le tranbleman de tè 12 Janvye a te frape. Kay la te souke, yon mu te kraze - men otan li te gen kè sote pou sekirite li, li te gen plis kè sote toujou pou sè li, Sandrine.

Se konsa Malika te kouri a pye, soti Petionville - sa te pran'l 30 minut - pou rive Bourdon pou chache sè li. Nan wout, li te pase moun ki mouri atè, moun ki tap senyen e gen yon nèg ki te menm mode li pou granmèsi.

Malika te jwenn sè li e yo te tounen Petionville ansanm.

Swa sa a, Malika, Sandrine, manman yo ak kèk zanmi te pase nuit la deyo - yo te kouche sou matla - men a vrè di yo patka domi.

"Oh nou pat domi menm...poutèt te gen sekous ki tap kontinye, donk nou tout - te gen anpil moun deyo a - epi tout moun tap tann," Malika sonje.

Lavi te kontinye konsa pandan 6 jou, juskaske manman li te deside kondui pou mennen pitit fi li yo sou frontyè Republik Dominikèn e de la, papa yo te vinn chache yo pou menen yo Miami.

Malika di li sonje Ayiti ak anpil amou men li pap tounen. "Pa gen anyen pou mwen la," li deklare.