Gouvenman Ayisyen an Fè Chita Pale ak ONG Kap Distribye Asistans Umanitè

Minis Enteryè ak Kolektivite Teritoryal Ayisyen an Paul Antoine Bien-Aime dirije yon rankont gouvènman Bellrive-Preval la te genyen ak tout ozanizasyon ki enplike nan distibusyon èd umanitè yo peyi D'Ayiti.

Nan chita-pale sa a gouvènman an mande tout ONG ki resevwa tant ak prela pou yo bay enfomasyon sou sa dapre yon manm ministè Kultu ak Kominikasyon an. Dapre responsab la gouvènman an anvizaje divès mezu anvan sezon lapli a antre, ak kèk mezu pa rapo ak ouvètu lekol nan Potoprens.