Ansyen Prezidan Ameriken Bill Clinton Kite Lopital

Ansyen Prezidan Ameriken Bill Clinton kite yon lopital nan Nouyok kote li te subi yon entèvansyon kadyak pou louvri youn nan artèr li yo ki te bloke.

Jedi, doktè mete 2 "androprotez vaskuler" (savledi 2 ti tub) artèr koronèr li - setadi prensipal vèn ki kontekte ak kè li. Ansyen prezidan an te ale lopital apre li te komanse santi doulè nan pwatrinn ni pandan jou ki sot pase yo.

Doktè kap swaye Prezidan Clinton nan, Alan Schwartz fè konnen misye pa fè yon kriz kadyak e pa gen okenn dega ki fèt nan kè li. Doktè Schwartz fè konnen pwosedu a dewoule san pwoblèm e chans Misye Clinton genyen pou'l reprann ni nèt "ekselan". Doktè a ajoute ansyen prezidan an leve e lap mache san pwoblem.

Misye Clinton, ki te subi yon "kadrupl pontaj kadyak" nan ane 2004 pou louvri 4 artèr ki te bloke supoze tounen nan travay Lendi.

Depatman Deta Ameriken an fè konnen Sekreteè D'Eta Hillary Clinton ranvwaye vwayaj li te gen pou'l fè nan Arabi Saoudit ak Katar e li pral pati Samdi olye jodi Vendredi a.

Yon konseye Misye Clintin, Douglas Band fè konnen ansyen prezidan an anfom, li gen yon eta d'espri trè pozitif e li pral kontinye konsantre'l sou travay fondasyon li an, ak efo sekou kap deoule Anayiti apre tranbleman'd tè a.

Yon pot pawol Mezon Blanch anonse Prezidan Barack Obama rele Misye Clinton nan telefonn apre li te antre lopital pou swete'l va remèt li rapidman. Yon responsab di efo Misye Clinton ap fè antanke anvwaye espesyal Etazuni ak L'ONU pou efo sekou yo Anayiti two enpotan pou'l rate jounen travay pandan lontan.

Yon pot pawol ansywen Prezidan Ameriken George W. Bush deklare apre li te finn pale ak Chelsea Clinton, li te kontan tande papa li ap reprann ni e ke li an bon eta'd espri. Pot pawol la di Misye Bush kontan travay ansanm ak Misye Clinton sou efo sekou ak rekonstruksyon Ayiti.

Sekretè-Jeneral L'ONU, Ban Ki-moon voye yon lèt bay Misye Clinton pou swete'l yon retablisman rapid e li remèsye li pou travay lap fè Anayiti, nan non Nasyonzuni.