Sekouris Jwenn Kadav Yon Ofisye Aviyasyon Milite Ameriken Anba Debri Otèl Montana

Otorite militè Ameriken anonse moun kap chache anba debri tranbleman de tè 12 Janvye pase-a kite dèyè an Ayiti, rive jwenn kadav yon ofisye Avyasyon militè Lèzetazuni ki tap vizite Ayiti nan moman gwo soukous-la te frape peyi-a. Se yon majò ki rele Kenneth Bourland.

Nan yon deklarasyon otorite lame Amerikèn fè parèt yè Madi-a, yo di yo te jwenn kadav majò-a Dimanch pase-a anba debri otèl Montana, nan Pòtoprens. Viktim-nan te genyen 37 tan. Misye Bourland te yon manm Komandman Sud Lame Amerikèn-nan, e li te baze nan vil Miami; li te fè yon vwayaj ann Ayiti nan kad yon misyon ofisyèl nan dat 12 Janvye 2010-la, egzatteman jou tranbleman de tè-a te frape peyi-a.