Yon Delegasyon Pwofesyonèl Ki Soti Boston Konte Patisipe nan Rekonstruksyon Ayiti

Semèn pase-a, yon delegasyon pwofesyonèl ak pwofesè, antwòt, ki te kite vil Boston, isit Ozetazini, te ale Anayiti pou li evalye sitiyasyon an e konnen kijan manm delegasyon-an plus enstitusyon li reprezante an patikulye, epi dyaspora-a an jeneral, kapab patisipe nan travay rekonstruksyon peyi a. Yon manm delegasyon an, enjenyè e spesyalis an politik publik Jean Lucien Ligondé, reponn kesyon Lyonel Desmarattes, kote li eksplike kijan delege sa yo (Ayisyen ak etranje) panse patisipe nan plan rekonstruksyon peyi a.