Nasyonzuni: Distribusyon Manje Amelyore

Nasyonzuni fè konnen distribusyon manje a ap ameliore chak jou an’Ayiti ke tranbleman 12 Janvye pase a fin ravaje e Pwogram Alimantè Mondyal la distribye 16 milyon rasyon manje bay 600,000 moun depi aprè tranbleman de tè mwa pase-a.

Chèf pwovizwa Misyon Nasyonzuni an’Ayiti-a, Edmond Mulet deklare ke travayè kap bay asistans yo distribye duri bay 100,000 moun nan 9 kote diferan Dimanch. Pandan msye Mulet tap pale nan Potoprens, li deklare kantite pwen distribusyon manje nan peyi karayibeyen sila a pral ogmante a 19 Madi e manje sa a ta dwe dure moun ki resevwa li a 2 semèn.

Responsab asistans-yo an’Ayiti di tou gen yon nouvo koupon nan sistèm sekou manje a ki vin mete yon lòd nan efò distribusyon sekou yo ki te bloke souvan akoz dezòd ki te konn fèt anvan. Dimanch ki sot pase-a, otorite yo te komanse distribye sak duri ki peze 25 kilogram bay fi sèlman ke travayè sekou yo te idantifye kom moun ki pi bezwen asistans la.