Premye Minis Ayisyen: Tranbleman Tè a Kreye Gwo Pèt Nan Gouvènman an

Tranbleman de tè 12 janvye a kreye yon gwo pèt nan mitan gouvènman Ayisyen-an ki pèdu yon pakèt teknisyen enpòtan. Premye Minis Jean Max Bellerive, ki minis Planfikasyon ak Kowoperasyon Ekstèn tou, eksplike anvwaye spesyal Sèvis Kreyòl-la, Jean Robert Philippe, kijan dezas la afekte li pèsonèlman e li pale de travay anplwaye ki mouri yo tap fè pou peyi a.