Ann Ayiti: plizyè milye moun ki twomatize, ki anba chòk aprè gwo kokenn chenn tranbleman de tè ki frape peyi-a madi 12 janvye pase-a, pase yon 2èm nuit an plèn-èr, a la bèl etwal nan Potoprens, kapital-la, paske yo pè pou yo pa vikim ti soukous kap vini aprè gwo tranbleman-an, kite mezure 7 pwen sou echèl Riktèr-la. Otorite-yo pè pou plizyè dizèn milye moun pa déjà pèdu lavi-yo, tandiske genyen yon gwo kantite lòt ki rete bloke toujou anba debri-yo. Daprè temwen ki souplas, moun ki soti vivan anba gwo trajedi-a chante chante legliz douvanjou-a pandan solèy potko leve, pandan yap tann yon asistans massif kap soti bò kote komunote entènasyonal-la, e espesyalman Lèzetazini.
Vrèman vre, Lézétazuni lanse yon kokenn operasyon sivil e militè pou ede Ayiti ki viktim anba yon gwo tranbleman detè, yon tranbleman de tè ki kraze pifò bilding nan kapital-la Potoprens, e ki kite dèyè lanmo ak destruksyon. Administratè Ajans Ameriken pou Devlopman Entènasyonal (USAID), Rajiv Shah, kap dirije efò sekou dujans Lèzétazuni-yo pou Ayiti, di objektif prensipal-la, se chache sove lavi moun ki viktim nan Tranbleman detè yè madi-a.
"Nap travay san pran souf, yon fason byen ko-òdone, atravè gouvènman federal-la pou nou pote tout resous ak kapasite nou genyen pou bay tout asistans nou kapab san pèdi tan e pou'n fè sa avèk efikasite," Misye Shah deklare."Objektif operasyon sekou yo pandan 72 premye èdtan yo, se santre atansyon-nou sou efò pou n sove lavi moun."
Mesye Shah ajoute ekip sekou dujans ameriken yo ap evalue kantite dega yo, epi yo pral idantifye domèn pou yo bay priyorite, e ekip sa yo pral dirije efo sekouris ki antrene pou jwenn viktim ki bloke anba debri bilding ki tonbe pandan tranbleman detè-a.
"Tou lè 2 ekip yo, se gwoup ki genyen 72 moun, e se moun ki gen fomasyon solid, ki genyen bonjan ekipman ak kapasite teknik pou yo mennen operasyon sekou nan vil-yo, pou yo fouye e debleye debri otan ke posib, dekwa pou yo idantifye moun yo kapab sove epi kontinue ak misyon pou sove vi umèn," Misye Shah di.
Lame amerikèn ap depeche plizyè ekip avyon tip C-130 pou akonpli misyon asistans-la imedyatman. Premye deplwaman-an ap vini ak enjenyè, espesyalis nan komunikasyon ak kèk unite spesyal pou opere ayewopò-a nan Potoprens. Chèf komandman sud Lèzétazuni-an, jeneral lame de lèr, Douglas Fraser, fè konnen bato lamarinn ak bato gad kot ameriken ap pote elikoptè ke yo ka itilize nan efo sekou yo. Men, kòmandan Frasier genyen gen kèk preokipasyon, poutèt nouvèl li resevwa konsènan sitiasyon ayewopò entènasyonal Pòtoprens-la.
“Nouvèl nou resevwa sè ke ayewopò-a ap fonksyone, men tour-de-kontwol-la ak kapasite pou moun opere laba-a, genyen limit," Jeneral Frasier di. "Konsa, nap fè efò pou n retabli kapasite ayewopò-a pou n pèmèt li opere an tout sekurite."
Yon lot kote, pòt-pawòl depatman deta-a, P.J. Crowley, fè konnen Gad Kòt ameriken déjà ap travay pou ranfòse kapasite pò Pòtoprens-la tou, paske lap pi enpòtan e pi util pou transpòte ekipman ak pwovizyon nan kad asistans Lèzetazuni ap voye bay Ayiti nan sikonstans-la.