Ki Jan pou kapte Lavwadlamerik

Lavwadlamerik dekrete lapèmanans apre tranbleman detè 12 janvye a pou pèmèt oditè ak entènot li yo jwenn plis enfòmasyon. Nou gen 4 pwogram pa jou : nan maten, soti 7 :30 rive 8 :30 ; a midi soti 12 :30 rive 2 :30 PM ; nan apremidi soti 5 :00 rive 6 :00 ; nan aswè soti 8 :00 rive 9 :00.

Nou envite w' koute pwogram spesyal sa yo sou ond mwayèn 1180 AM. Ou kapab koute nou tou sou ond kout nan frekans sa yo: 6135, 9660 khz pou pwogram maten an; 13725, 11905 khz pou pwogram midi a; 13725, 11905 khz pou pwogram apremidi a; 5960, 7465 khz pou pwogram aswè a. Ou Kapab koute n' tou sou adrès entènèt www.voanews.com/creole