Gwo Dife Pran nan Atèn, Kapital Lagrès: Plis Pase 10 Mil Moun kouri Kite Kay yo

Yon gwo kokenn chenn dife eklate nan yon katye rezidansyèl vil Atèn, an Grès, byen bonè yè maten e sa fòse otorite yo fè plis pase 10 mil moun kite kay yo nan yon bouk ki rele Agios Stefanos. Sapè-ponpye rekòmanse goumen pou wè si y a touye dife yo, avèk avyon ak elikoptè kap lage gwo bokit dlo sou flanm-dife yo kap gaye san rete.

Operasyon an rekòmanse jodi lendi a byen bonè anvan solèy leve, e gen plis pase 2 mil sapè-ponpye kap patisipe ladan n pou wè si y a sove kay ak vi ki menase yo. Otorite yo di gwo dife sa a kontinye gaye plis nan direksyon zòn kote moun ap viv, menm si li te fè yon ti bese pandan van yo te fè yon kalmi yè dimanch la; men van yo rekòmanse soufle byen fò jodiya e otorite yo atann yo aske yo kontinye soufle pandan tout jounen an. Harry Tszanis, ki nan ajans nouvèl Atèn nan, di Lavwadlamerik 2 zan apre malveyan te mete dife e koze lanmò 70 moun, fwa sa a ankò gen dwèt ki lonje sou malfèktè ki ta fè eksprè mete dife sa yo. Nap site misye Zszanis:

« Se pa yon dezas natirèl totalman. Nan yon grenn jou nou anrejistre 83 dife forè. Se moun kap limen dife sa yo ; yap pwofite gwo van ak sechrès ki gen nan zòn nan. »

Premye Minis Costas Karamanlis te konvoke yon reyinyon manm kabinè li a prese-prese yè maten pou otorite yo te panche yo sou sitiyasyon an. Jiskaprezan nouvèl yo pa rapòte moun ki ta viktim nan dife sa yo nan peyi Lagrès.