Peyi Dayiti pral nan sant yon konferans peyi donatè yo gen pou fè nan vil Washington DC, nan mwa davril 2009 la. Lavwadlamerik jwenn konfimasyon nouvèl sa a nan men Minis Planifikasyon ayisyen an, Jean Max Bellerive, ki pale ak kolaboratè nou Jean Pierre Leroy. Daprè Minis Bellerive, anvan randevou ekonomik sa a sou Ayiti, yon konferans teknik preparatwa gen pou dewoule nan Ottawa, o Kanada.
Klike sou lyen anlè a, adwat, pou w koute deklarasyon Misye Bellerive ki te akonpaye Prezidan René Préval nan yon vizit 5 jou nan kapital Lèzetazini an --vizit ki pran fen vandredi 6 fevriye a.