Prezidan ayisyen an lanse yon apèl bay kominote entènasyonal la pou li mande yon asistans prese-prese pou Ayiti, apre dega move tan sot fè nan peyi a. René Préval mande popilasyon an tou pou li rete veyatif e suiv konsèy ak avètisman sèvis meteo nasyonal la.
Chèf Leta a, demèm ke Premye-Minis ratifye a Michèle Duvivier Pierre-Louis, ap mobilize asistans entènasyonal pou Ayiti, avèk apui Misyon L'ONU an, apre Gustav ak Hanna fin fè plizyè douzèn mò ak yon bann dega materyèl nan rejyon Nò, Latibonit, Sidès, Sid, Grandans pou n' site sa sèlman.
Hanna mete Gonayiv anba dlo. Gen anpil moun ki bloke sou do kay ak pye bwa depi 2 jou, san dlo, san manje. Akote asistans sinistre yo bezwen tousuit, yon ekspè sou kesyon anviwonman an avèti ke Site Endepandans la kapab disparèt anba dlo si anyen pa fèt pou pwoteje basen vèsan yo. Enjenyè Jocelyn David reponn kesyon Jean Robert Philippe.
Kounye a Hanna mete tèt sou Bahamas kote responsab pwoteksyon sivil yo mande popilasyon an pa pran chans ak tanpèt la. Stephen Russel se youn nan responsab biwo NEMA nan Bahamas. Li mande piblik la deplase tousuit nan zòn ki pre rivyè ak lanmè.
Ou kapab tande deklarasyon Prezidan Préval, Enjenyè David ak Kòmandan Russel fè yo si ou fè klik sou ralonj ki anlè atik sa a.