Nan yon sesyon kesyon-repons ak jounalis Jacques Jean-Baptiste, korespondan nou Rotchild F. Junior di nou yo nome Georges Moïse minis enteryè pou ranplase Michel Bernardin ki sanble gen yon pase ki kapab fè l pa elijib pou pòs la.
E, an dènyè heure, nou aprann ke gouvènman ayisyen an nome Paul Gustave Magloire kòm sekretè deta nan ministè enteryè a. Msye Magloire se te younn nan konseye premye minis pwovizwa a, Gérard Latortue.
Ann Ayiti toujou, gouvènman ameriken an fonde, nan vil Jeremi, yon sant k’ap ede fè prevansyon e pote swen bay mounn ki gen viris VIH la oubyen maladi SIDA. Sant sa a ap ede mounn nan depatman Grandans la jwenn kèk medikaman gratis. Korespondan nou Luckner Laguerre te asiste inogurasyon sant sila a. L’ap ba nou plis detay.