Nan moman anpil tibilans ekonomik, pri lò ogmante 17 wote. Aksyon lò yo depase $3000 pa ons troy pou premye fwa semen sa a dapre FactSet.
Pri lò a nan Nouyok limenm sete $2,988 Jedi.
Entere nan achte lò konn ogmante nan epòk ensetitid, le envestise yo gen anpil anksyete epi y ap chache bon kote pou mee lajan yo.
Ogmantasyon nan pri lò a vini nan moman Prezidan Donald Trump ap enpoze epi wetire tarif nan kad yon lage komesyal ki koze tibilans sou mache finansye yo.
Si tandans sa yo kontinye, analis yo di pri lò a taka ogmante pi plis pandan mwa kap vini yo. Sepandan metal presye sa yo reprezante byen ki volatil - kidonk li enposib pou predi sak pral pase nan lavni.