Sispèsta ekip basketbol Los Angeles Lakers la "King" LeBron James ki gen 40 an, vin tounen premye jwè nan listwa chanpyona ameriken an NBA ki make plis pwen .
Madi 5 mas 2025 la nan yon match fas ak ekip New Orleans la misye te make 2 pwen nan basket la selman pou li te ka bat rekò sa a
James, ki chanpyon nan chanpyona NBA 4 fwa, te tabli rekò sa a 2 ane apre li te tounen jwè nan NBA a. Li te make plis pwen pase Kareem Abdul-Jabbar.
Ekip Lakers la te genyen match basketbòl li madi a san presyon 136 a 115, kote James te make 34 pwen, 8 rebon e li te fè 6 pas desisif.