Desizyon jiridIk sa-a ki soti yè jedi-a pote yon soulajman pou konnye a pou yon kowalisyon sendika ak òganizasyon k ap mennen yon pwosè pou anpeche administrasyon Trump lan demantibile fòs travay federal la.
Jij distri ameriken William Alsup bay lòd pou Biwo Jesyon Pèsonèl la enfòme sèten ajans federal, tankou Depatman Defans lan, li pa te gen otorite pou l pase lòd pou revoke anplwaye ki sou pwobasyon.
Avoka biwo pèsonèl la deklare, se chak jans leta pou kont yo ki te pran desizyon pou revoke anplwaye yo e ke biwo a pa t gen okenn wòl nan bay lòd pou revokasyon sa yo.