Daprè yon dirijan RNDDH, Desizyon Koudapèl pran nan dosye BNC-CPT a se yon Desizyon lach

Rosie Auguste Ducéna, RNDDH, Kwè Responsab yo Dwe Aji Vit pou Rezoud Pwoblèm Kidnaping nan

Rosie Auguste Ducéna, RNDDH, Kwè Responsab yo Dwe Aji Vit pou Rezoud Pwoblèm Kidnaping nan

Nan entèvansyon li sou Magik9 vandredi 21 fevriye pase a, Rosy Auguste Ducéna di desizyon Koudapèl anfavè 3 konseye ki gen non yo site nan dosye koripsyon BNC a se yon desizyon lach.

Responsab pwogram nan Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo (RNDDH) rapousib pou l di desizyon sa a pa ede ditou nan lit k ap fèt kont koripsyon nan administrasyon piblik la.

Mèkredi ki te 19 fevriye 2025 la, Koudapèl te baze l sou pozisyon 3 konseye prezidansyèl yo (Louis Gérald Gilles, Emmanuel Vertilaire ak Smith Augustin) pou l te anile manda ki egzije yo parèt devan tribinal « droit commun ».