Badio Reklame Yon Fas-a-Fas ak Pierre Esperance

Joseph Felix Badio

Joseph Felix Badio

Nan dosye asasina Prezidan Jovenel Moïse la akize Joseph Félix Badio mande Koudapèl mete l fas a fas ak plizyè pèsonalite, pami yo reponsab RNDDH la Pierre Esperance.

Joseph Félix badio, nan kad entèwogatwa li lendi 17 fevriye 2025 la sou Dosye Asasinay Prezidan Jovenel Moïse la, kap plede nan koudapèl Pòtoprens, mande yon fas kare ak Direktè Egzekitif Rezo Nasyonal Defans Dwa moun nan , Pierre Espérance, pou misye vin klarifye pou tribinal la seri deklasyon li konn fè kont li nan medya yo.

Se yon demann Avoka kap defann enkilpe a salye , pandan yo swete moun sa yo reponn konvokasyon tribinal la.

Nan yon entèvyou li te bay VOA Kreyòl, Pierre Espérance te mande pou jij kap tande dosye sa a rale kò yo pou mank kompetans.

Avoka Mesye Badio yo eksplike enpòtans demann men leve yo te fè devan Koudapèl la, ke tribinal la rejte. Pwochen odyans yo nan kad dosye Jovenel Moïse la se pou lendi 24 fevriye.